Konferans : Kreye ak konstwi nan yon vil ki ap toufe

,

11 Desanm 2025 – 2 p.m
Durée : 2h
Formats :

  • Présentiel Pétion-Ville (El Rancho)
  • Diffusé en simultanée au Cap-Haïtien
  • Accessible en ligne

Intervenant-es : Rose-May Guignard, Urbaniste et Mikerson Jean, Artiste

Premye pati a  ap tabli kad legal  ak politik kesyon sekirite a. Cathiana Désiré, Wethzer Piercin ak Anne-Doris Lapommeray ap pote limyè sou respè lalwa, wòl enstitisyon yo ak repons popilasyon an fas a sitiyasyon vyolans yo. 

Konferans 11 desanm la vize louvri yon refleksyon kolektif sou kesyon sekirite an Ayiti. Aktivite a ap dewoule an twa (3) pati. 

Dezyèm pati a ap ofri yon chita pale sou kijan nou ka kontinye kreye atizay ak re panse konstriksyon vil yo nan yon kontèks vyolans. Se ap yon echanj avèk Rose-May Guignard, yon ibanis ak Mikerson Jean yon atizan vilaj Nway. 

Twazyèm pati a ap bay espas pou viktim yo pran lapawòl atravè temwanyaj dirèk ak videyo.

Rose-May Guignard se yon ekspè nan planifikasyon iben ak gouvènans
teritoryal. Li travay sou diferan sijè ki kontre tankou amenajman teritwa, rezilyans ak refòm enstitisyonèl , an Ayiti kou aletranje. Li milite pou patisipasyon sitwayen nan politik piblik. Li ap defann yon transfòmasyon enklizif teritwa ak sistèm ekonomik yo.

Mikerson Jean se yon atis ak atizan metal dekoupe. Li se vis prezidan
Association Des Artistes et Artisans de la Croix des Bouquets (ADAAC). An menm tan li se yon fòmatè nan atizay nan domèn lan. Li kòmanse travay fè dekoupe depi li te gen 12 lane. E li patisipe nan plizyè ekspozisyon nasyonal ak 13 ekspozisyon entènasyonal pami yo 6 nan
peyi Etazini.


La conférence du 11 décembre consiste à questionner la réflexion sur la sécurité en Haïti.  Cette activité se déroule en trois (3) parties. La première se concentre sur le cadre légal et la politique sécuritaire.  Cathiana Désiré, Wethzer Piercin et Anne-Doris Lapommeray présenteront le respect des lois, le rôle des institutions et la réponse de la population face aux situations de violence. 

La deuxième partie sera une causerie entre Rose-May Guignard, urbaniste expert en planification urbaine et Mikerson Jean, artiste artisan en fer découpé du Village Nouailles, sur la manière de créer et de repenser la construction des villes dans un contexte de violence.  

Puis, la troisième partie donne place aux victimes à travers des témoignages en vidéo et en direct.

A propos des intervenant-es :

Rose-May Guignard est urbaniste et spécialiste de la gouvernance territoriale. Elle a travaillé à l’interface entre aménagement, résilience et réforme institutionnelle en Haïti et à l’international, en appui à des politiques publiques et des dynamiques citoyennes. Elle plaide pour une transformation inclusive des territoires et des systèmes économiques.

Mikerson Jean est un artisteet artisant de metal découpé, Mikerson Jean est le vice-président de l’Association Des Artistes de la Croix-des-Bouquets (ADAAC). Il est formateur en art du fer découper. Il a commencé à travailler le metal à l’age de 12 ans. Il a participé à plusieurs expositions à l’échelle nationale et à l’internationale où il a fait partie de 13 expositions dont 6 aux États-Unis.

Laisser un commentaire