Atelye Atistik : Teyat ak Penti

,

13 Desanm 2025 – 8.30 a.m
Durée : 3h
Formats :

  • Présentiel à Pétion-Ville (Théâtre) et au Cap-Haïtien (Peinture)

Nan yon peyi kote ensekirite ap detwi lavi chak jou, anpil moun ap viv nan laperèz, estrès ak enstabilite. Sitiyasyon sa yo afekte fason nou viv, kominike ak santi nou antanke Ayisyen. Majorite chanjman sa yo fèt an silans, paske li difisil pou moun yo jwenn yon espas kote yo ka libere sa yo ap pote anndan yo. Se nan sans sa atelye atistik Bous 2054 vle eseye reponn reponn kesyon sila: “Kijan nou kapab transfòme doulè ak eksperyans ensekirite an kreyasyon ?”. Atelye a ap yon espas eksperimantasyon kote, pandan yon jounen, chak patisipan pral aprann sèvi ak atizay pou rekonèt, eksprime epi transfòme sa yo santi. Atravè teyat, ekriti lib ak penti, yo pral antre nan yon eksperyans pratik kote kò, koulè ak mo tounen zouti pou bay fòm ak eksperyans pèsonèl yo.

Objektif atelye a se montre kijan atizay kapab sèvi kòm zouti gerizon, pataj ak rezistans, pandan l ap kreye yon espas solidarite kote moun yo ka respire ansanm, pataje emosyon yo, epi imajine lòt fason pou yo viv ansanm. Patisipe nan atelye sa, se bay tèt ou chans pou w di sa ou pa ka di ak mo, rankontre lòt moun ki ap viv menm reyalite avè w, nan yon anbyans  konvivyal.


Dans un pays où l’insécurité détruit des vies au quotidien, beaucoup de gens vivent dans l’angoisse, le stress et l’instabilité.  Cette situation affecte notre façon de vivre, de communiquer et d’être en tant qu’Haïtien.  La plupart de ces changements se font en silence parce qu’il est difficile pour les gens de pouvoir se libérer de ce qu’ils intériorisent. 

C’est dans cette optique, que l’atelier artistique de la bourse 2054 veut proposer des réponses à la question suivante : »Comment peut-on transformer la douleur et le vécu de l’insécurité à travers une création « ? Cette rencontre sera un espace d’expérimentation où,durant une matinée, chaque participant.e utilisera l’art pour identifier, exprimer et transformer leurs ressentis. À travers le théâtre, l’écriture libre et la peinture, ils pourront vivre l’expérience pratique où le corps, les couleurs et les mots convertissent en outils de leur expression personnelle. 

L’objectif de cet atelier est de montrer comment l’art peut servir d’instrument de guérison, de partage et de résistance tout en créant un espace de solidarité où les gens peuvent respirer ensemble, partager leurs émotions mais aussi, imaginer d’autres façons de vivre en communauté.  

Participer à cet atelier, c’est t’offrir la chance de dire ce que tu n’oses pas formuler à voix haute, c’est rencontrer d’autres personnes qui vivent la même situation que toi, tout ça dans une ambiance conviviale.

Laisser un commentaire